Skip Global navigation and goto content

Fanm, Tibebe ak Timoun (WIC)

Women, Infants and Children (WIC)

English Español | Kreyòl

Nou la pou ede. 

Miami-Dade WIC ofri manje ki sen, edikasyon sou nitrisyon, sipò pou alètman matènèl, ak resous pou plis pase 73,000 fanm, nourison, timoun, ak fanmi nan Konte Miami-Date. Si ou ansent, ou fek fè yon tibebe, oswa ou ap pran swen yon timoun ki genyen mwens pase senkan, ou ka jwenn sipò pèsonalize pou oumenm ak pou fanmi ou ou nan youn nan 15 Sant WIC nou yo. 

Li fasil pou aplike. 

Senpleman rele nou nan 786-336-1300 epi pwograme randevou ou an jodia nan sant WIC ou chwazi a. 

Sant dapèl nou an louvri lendi rive vandredi 7:15 a.m. – 5 p.m. 

Kimoun ki ka resevwa avantaj WIC yo? 

  • Fanmi ki ansent, fanm ki fek fè yon timoun oswa k ap bay tete 
  • Nourison 
  • Timoun ki genyen jiska 5 lane 

Nou swete byenvini a fanmi imigran, papa, patnè soutyen, fanmi militè, paran adoptif ak responsab legal ki genyen timoun ki elijib. Gid revni WIC ki pi ba a pral ede ou wè si ou kalifye pou WIC. 

Kijan mwen ka kalifye? 

  • Rezidans legal / sitwayènte PA egzije (WIC pa deklare estati legal bay gouvènman federal la) 
  • Dwe viv nan Florid  
  • Dwen genyen revni ki elijib 

Gid Revni WIC 

Kontakte WIC nan 786-336-1300 pou pwograme yon randevou. Gid revni nou an ta dwe sèlman itilize kòm yon referans. Si ou resevwa asistans alimantè (SNAP), Medicaid oswa Asistans Lajan Kach Tanporè (TCA), ou otomatikman elijib pou revni.

Anpil fanmi k ap travay fè pati WIC a. 

Si ou genyen plis pase 8 moun nan fanmi ou, tanpri rele 786-336-1300 pou plis detay. 

Bagay pou konsidere pou gwosè fanmi ak revni: 

  • Pou yon fanmi ki ansent, chak timoun ki pral fèt konte kòm 1 moun anplis nan gwosè fanmi an.  
  • Konje Matènite / Patènite  
  • Pèt anplwa / (tanporè oswa alontèm) 
  • Eka nan revni (tankou, vakans dete pou pwofesè) 
  • Pran swen yon manm fanmi nan fwaye ou an 
  • Asirans sante prive pa afekte elijiblite a 
  • Patisipasyon nan lòt pwogram asistans gouvènman an pa egzije. 

Déklarasyon Non-diskriminasyon USDA

Si ou gen difikilte pou konprann anglè oswa ou gen yon andikap, asistans lengwistik gratis oswa lòt èd ak sèvis disponib sou demann.

Swiv @miamidadewic 

facebook logo instagram logo